Lengwistik kreyòl

Yon atik de Wikisòrs.
Ale nan: Navigasyon, Fouye

Nou ka defini lengwistik kòm etid de nati e strikti langaj imen (i.e. fason moun pale). Yon lengwis se yon moun ki etidye fenomèn sa yo.

Kreyòl Peyi d Ayiti

Langaj kreyòl -— ki baze premyèman sou fransè ak plizyè lang afriken, enfliyans pa lang endyen yo, enpe panyòl ak anglè -— kapab konklizivman defini kòm Ayisyen, nan sans de lang ki pale pa pèp Ayisyen an [1]. Wi, varyete kreyòl sa atribiye avèk kèk lòt gwoup ak nasyon avèk istwa similè ak pèp Ayisyen an, men a fòs de popilasyon estime plis ke 8 milyon jounen jodi a, majorite kreyolopal se Ayisyen oubyen desandan d Ayisyen.

Si nou defini mo Ayisyen an kòm konstitisyon peyi d Ayiti a fè l nan TIT II, Atik 11, kòm :

Nenpòt moun ke manman l oubyen papa l se natif natal Ayisyen, si manman n oubyen papa l pa t jamè denonse nasyonalite yo, moun sa se Ayisyen depi lè l te fèt.

Definisyon sa nesesite ke gen Ayisyen ki pa pale kreyòl. Yon moun ka fèt nan nenpòt peyi epi satisfè demann konstitisyonnèl sa.

Toutfwa, si nou limite definisyon sa a moun ki fèt ann Ayiti (moun ke lonbrik yo plante nan peyi a), ki gen omwen yon paran Ayisyen, proklamasyon an kòrèk, ki di, « Sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm, se lang kreyòl », TIT 1, Chapit I, Atik 5(a) konstitisyon Ayisyen an. Èske w jamè rankontre yon Ayisyen ki satisfè modifikasyon sa a ki pa t pale kreyòl ?

Malgre gran kantite moun ki pale kreyòl, resous ki disponib an kreyòl reyèlman limite. Yon rezon, majorite ekriven Ayisyen, istorikman pale, chwazi pou ekri nan lòt lang (e.g. fransè, anglè). Yon lòt rezon, edikasyon an kreyòl sèlman fèk a nivo primè ann Ayiti. Yon rezon plis, enstitisyon Ayisyen yo an gran pati, chwazi pou yo fè biznis yo an fransè.

Gras a nouvo teknoloji, kòm entènèt la, avèk jefò pou kwaze teknoloji avèk kreyòl [2], langaj kreyòl Ayisyen an kòmanse avanse pli lwen. Men yon faktè reste egal, si Malis ak Bouki ekri yon menm fraz en kreyòl, li p ap nesesèman vèbatim. Nou fè jefò nan vèzyon kreyòl Ayisyen wiki a pou nou ekri kreyòl nan yon fason ke gran majorite a kapab li e konprann. Nou envite w pou ou fè kòrèksyon kòm ou wè yo nesesè.


Kouman pou nou ekri epi pwononse kreyòl ayisyen

Dapre Iv ak Pòl Dejan nan liv ki rele (EKRI KREYÒL FASIL), nenpòt moun kapab ekri kreyòl avèk twa ti prensip sa yo

Men lèt nou jwenn ki ret nan wòl yo, nan pawòl nou fèk li yo:


Prensip 1: Chak lèt ret nan wòl yo


a  nan: katreven, drapo, ap, aprann, chak, ak, twa, aba, lavi, lamizè, pàn, lagè, travay.
an nan: san, aprann, nan, kouran, lasante, manje, grangou
b  nan: aba
ch nan: chak, cho
d  nan: drapo
e nan: me, katreven, inivèsite, se, elèv, pwofesè, ekri, kreyòl, montre, lasante, manje, lekòl, ret
è  nan: nèf, fèt, elèv, pwofesè, lèt, chè, lamizè, lapè
en  nan: katreven, fen, prensip, lenjistis
f nan: nèf, fèt, fen, pwofesè
g nan: lagè, grangou
i nan: dizwi, mil, inivèsite, viv, lavi, lamizè, lenjistis, ekri, ti, prensip
j nan: lenjistis, manje
k  nan: katreven, ekri, kreyòl, chak, kouran, lekòl
l nan: mil, elèv, kreyòl, lòt, lèt, wol, lenjistis, lavi, lamizè, lagè, lasante, lapè, lekòl
m nan: me, mil, moun, montre, lamizè
n nan: nèf, inivèsite, moun, aprann
o nan: drapo, yo
on nan: onz, montre
ou  nan: tout, moun, kouran, pou
p nan: drapo, pwofesè, ap, prensip, pan, lapè
r  nan: katreven, drapo, aprann, ekri, kreyòl, montre, prensip, ret, kouran, travay
s  nan: inivèsite, se, pwofesè, prensip, lenjistis, lasante
t nan: katreven, fèt, inivèsite, tout, montre, lèt, twa, ti, lòt, ret, travay
ui  nan: dizwi, (dizwit lè li tousel )
v nan: katreven, inivèsite, elèv, lavi, viv, travay
w  nan: pwofesè, twa, wòl
y nan: kreyòl, yon, yo, travay
z nan: dizwi ( dizwit), onz

Prensip 2: Chak son ekri menm jan

Chak son ekri menm jan

Anpil egzanp montre nou sa twazyèm prensip la ye, espesyalman lè nou gade dènye lèt ki parèt ladan yo. Twazyèm prensip la se:


Prensip 3: Nanpwen lèt ki bèbè, ki initil

Nou wè sa nan: bab chich rad nèf nèg paj chak mil chanm moun ap aprann lenjistis tout viv kaw travay onz. Kalkile prensip sa yo byen. Gade ki jan tout koze ki nan fèy sa a ekri. Suiv modèl yo byen. Epi, ekri tout bèl pawòl ki nan tèt nou, fasil.




Koutwazi : Biwo Nasyonal Alfabetizasyon ( 18 me 1991 )

Kreyòl la, Dekode

Baz ki byen etabli yo

Alfabèt kreyòl la konsiste pa venn-sis (26) lèt : sis (6) vwayèl, ak ven (20) konsonn. Tout vwayèl yo itilize pa tout Ayisyen ki ekri an kreyòl, men se pa tout moun ki itilize tout konsonn yo. Gen konsonn ki itilize senpleman nan yon sèl fason, genyen ki prèske pa itilize ditou.

q

Leksikografè kreyòl pa itilize disetyèm lèt nan alfabèt la ditou. Tcheke nenpòt diksyonnè, ou p ap twouve oken mo liste ki kòmanse ak q, oubyen yon mo ki gen yon q ladan. Son lèt sa efektivman ranplase pa k nan tout sityasyon an kreyòl. Si yon non pròp ki soti nan yon langaj womans gen yon q ladan, kèk ekriven ka ekri l nan parantèz aprè kreyòl ekivalan.

h

Yon mo kreyòl ki soti nan fransè ki kòmanse ak yon h myèt, an kreyòl, kòmanse ak vwayèl ki suiv h la, osinon yon lòt konsonn. Pa gen h myèt an kreyòl. Pou rezon sa, h jeneralman pa yon antre nan yon diksyonnè.

u

Similè ak h, an kreyòl, u pa kòmanse oken mo, eksepte pètèt si mo a se yon transkripsyon kèk mo etranje. Kòm c toujou suiv pa yon h pou fòme yon konsonn konpoze (ch), konsa lè o swiv pa u li fòme son yon distenk vwayèl (ou).

c

Yo pa souvan itilize c endepandan an kreyòl. Si yon non pwòp ki soti nan yon lòt langaj womans kòmanse ak c, kèk ekriven ekri ekivalan mo a en kreyòl, epi mete non an kòm li ekri nan lòt lang nan an parantèz. Lèt c toujou suiv pa yon h an kreyòl. Kèk mo : chape, chanjman, chemen, chapo, chimè, chalimo, chich, chamo, cho, chat. Yon eksepsyon konsiderab se senbòl Cl. Nan chimi, reprezantasyon pou eleman klore, epi tou, nimewo Women 150.

x

Konsòn x la pa itilize ditou pa kèk ekriven. Son lèt sa souvan reprezante pa de (2) lòt konbinasyon ks ak gz. Majorite a itilize Meksik olye de Mexik, leksik olye de lexik, egzanp pito exanp. Gade wè ke ks ak gz klèman divize mo sa yo an distenk silab. Menm ekriven sa yo t ap chwazi ekspresyon sou expresyon. Pa gen okenn mo ki kòmanse a x an kreyòl.

w pou ou

An kreyòl, li jeneralman preferab ke youn pa gonfle ni vwayèl ni konsòn ansanm nan kreyasyon yon mo. Mwen meyè ke m[ou]en, oubien mouin. Lwen olye ke louen, swiv pito souiv.

en ak in

Obzève distenksyon ant en ak in. Kèk mo ki fini ak in : in, izin, zepin, latrin. Kèk mo ki fini ak en : en, pen, zen, lwen, pwen.

Lòt obzèvasyon

Pran atik sa kòm konsèy, men pa kòm lòd gramatik. Kite diskou gramè pou grameryen. Se pa anyen kont grameryen. Aktyèlman, nou bezwen tout kantite grameryen kreyòl posib nou ka jwenn. Men kòm itilizatè langaj, patikilyèman kreyòl, ou bezwen chache mwayen efektiv pou w kapab ekri lang nan. Eseye itilize tout resous ki ekri en kreyòl ou trouve itil. Neyanmwen, toujou kenbe konsèy Aleksann Manzoni, powèt italien, ki di :

« Langaj dwe posede yon òganik [vivan] omogeneyite derive pa lisaj, reflekte oken distenksyon ant langaj literè ak langaj oral ».

Ou sou wiki. Ekri kreyòl la menm jan ou menm ou pale l ; plen moun ki prè pou modifye ak korije nenpòt atik ou soumèt. Malgre, la, esperans lan se touche sou kèk pwen ak obsèvasyon fèt sou lang kreyòl la ki trè enteresan. Esperans lan se ke yo sèvi w kòm zouti ki petèt kapab pemèt ou pi fasilman exprime w an kreyòl pa ekriti. Pa egzanp, distenk diferans nan pwonon pèsonèl yo an kreyòl konpare ak fransè, plasman atik yo nan yon fraz, kèk nan aksan ki pi souvan itilize yo, etc.

Kontraksyon atik ak non

Leksikografè ayisyen souvan liste kèk mo de (2) fwa. Pa egzanp, ou ka twouve mo lavi, ak vi nan menm diksyonè a. Ki fè, yon fraz tankou fraz suivan :

Lavi ak lanmò depann sou sa w kite bouch ou pale.

Ka regade kòm yon fraz ekri san atik, oubyen ki kontrakte atik yo ak non yo (nan ka sa, atik la ak non vi e ). Sa pa nesesèman yon prensip jeneral. Pa egzanp, konsidere de (2) fraz sa yo :

(1) Kisa w fè premyèman lè w leve le maten ?
(2) Kisa w fè premyèman lè w leve lematen ? (ra)

Pa gen okenn enfraksyon nan enfòmasyon ki kominike la, men fraz nimewo (1) pi souvan ekri.

Plasman atik yo

An kreyòl, yon atik ka presede oubyen suiv non li modifie a, selon si fraz la fè sans oralman. Konsidere,

(1) Kanaval la bien pase ane a, san dega, san traka.
(2) La kanaval bien pase ane a, san dega, san traka.

Fraz nimewo (1) enfòm en kreyòl. Nimewo (2), kontrèman, pa vreman fè sans. Kote ke, fraz

(1) La Bib di, « renmen vwazen w yo kòm pwòp tèt ou », ak
(2) Bib la di, « renmen vwazen w yo kòm pwòp tèt ou »,

Tou de fè bon sans an kreyòl.

Kreyòl tou patou

Atik sa se yon agiman kont tradisyon antikreyolis ke plizye psedo-entelektyèl komokyèl ayisyen adopte -- yon fenomèn ki aparaman gen sous lan devalorizasyon egzistansyèl ak kiltirel baze sou prejidis kolonyal.

An nou envalide agiman antikreyolis la!!!!!

Nan sèk tradisyonnèl entelektyèl ayisyen an, gen yon pretansyon lingwistik ki ta vle fè nou asepte ke kreyòl la pa sofistike ase pou eksprime lide abstrè nan egzèsis "kognitif" yo ; kòmsi fakilte intelektyèl yon ayisyen pèdi yon pousantaj sibstansyèl nan "kapasite ontolojik" li, ke yo konsidere, falasyezman daprè mwen, kòm yon kondisyon ki inerant nan nati lang kreyòl la. Moun ki asepte pozisyon sa gen tandans lonje dwèt sou limitasyon aktyèl lang kreyol nan abilite pou eksprime "tèm konvansyonnèl syantifik ak filozofik yo". Poukisa mwen pa dakò ak pozisyon sa ? Se pa paske mwen se yon kiltiralis k ap batay pou montre valè eleman kiltirèl ke sikonstans nesans mwen atribiye a ekzistans mwen ; sa ka yon motivasyon inkonsyant, men baz agiman mwen kont pozisyon antikreyolis se yon baz analitik : moun ki konsevwa kreyòl nou an kòm yon lang ki gen yon ti kal "fenèt ontolojik" fè erè, paske yo aparaman panse ke tout "limitasyon aktyèl" se nesesèman yon "limitasyon inerant", ki pa vre ditou. Ki diferans ki genyen ant yon "limitasyon aktyèl" ak yon "limitasyon inerant" ? Diferans ki genyen ant de kondisyon sa yo, sekè yon "limitasyon aktyèl" pa nesesèman inerant paske li ka "sikonstansyèl" tou. Pa egzanp, "limitasyon aktyèl" yon makak nan konpitasyon aritmetik primè se yon kondisyon inerant (rejyon nan fontenn sevèl tèt ki rele "neo-cortex" la pa devlope ase nan makak pou pèmèt li elabore lide abstrè ki se operasyon aritmetik sa yo : adisyon, soustraksyon, divizyon ak miltiplikasyon ; tandiske limitasyon yon moun ki iletre nan operasyon aritmetik yo se yon kondisyon sikonstansyèl. Sètadi si moun iletre sa te leve nan anviwonnman ki te ganranti li omwen yon edikasyon primè, li t ap konpetan nan abilite pou efektye operasyon aritmetik asime ke moun sa se yon moun nòmal (li pa kokobe mantal tankou pa egzanp yon boulouloum).

Ki sa analoji sa gen pou li we ak tèsk ke n ap diskite ya? Menm jan moun ki iletre-a gen yon limitasyon sikonstansyèl nan abilite pou efektye operasyon aritmetik -- kwake li toujou gen potensyalite pou li vini konpetan nan egzèsis kognitif sa, yon eventyalite ki depann sou eleman ak resous ki implimente nan pwoses aprentisaj moun sa -- limitasyon aktyèl lang kreyòl la nan eksprime lide abstrè filozofik ou syantifik se yon kondisyon sikonstansyèl -- sikonstansyèl paske nou pa sèlman neglije pwodiksyon intelektyèl nan lang la, nou dekouraje li. Yon fenomèn ki reprezante yon "sèk visye" kote efè a (limitasyon ke nou obzève nan abilite kreyòl pou eksprime lide abstrè konplèks yo) konfondi pou kòz la (kondisyon akiz la konfondi pou kòm kòz esansyèl la).

Kritik antikreyolis yo, pa sèlman konfonn faktè kozatif limitasyon aparant ke nou obsève nan abilite lang kreyòl la pou eksprime lide abstrè yo, men yo pa rive reyalize ke lang kreyòl la se yon sentèz lingwistik, yon sentèz ki marye "Ewòp ak Afrik" ; yon rezilta ki pèmèt kreyòl nou an abzòbe konsèp etno-kiltirèl monn afriken an ak monn ewopeyen an. Nan kontèks sa, kreyòl la p ap gen yon ti kal "fenèt ontolojik" kòm antikreyolis yo falasyezman asime, men pito yon gwo "fenèt ontolojik" ki an prensip ta dwè depase fenèt ontolojik respektiv monn konstitiyan yo, Afrik ak Ewòp.

An konklizyon, se pa ke lang kreyòl la pa sofistike ase pou eksprime lide abstròe yo, men paske nou tradisyonnèlman dekouraje, penalize ak ridikilize tout atanta moun ki ta vle devlope endepandans intelektyèl yo nan lang kreyòl la. _________________ wè tou : ht:lengwistik