Pati politik Ayiti vs Devlòpman

Yon atik de Wikisòrs.
Ale nan: Navigasyon, Fouye

KISA PATI POLITIK AYITI YO KONTRIBYE NAN DEVLOPMAN L?

Emmanuel W. VEDRINE 17 avril 2008 (an memwa Aimé Césaire, yon fa ki klere tout Karayib la)

«Gade pati politik mezanmi! Gade pati! Gade, gade yo!»

Se kri sa a ak anpil etonnman ki choke anpil moun apre tanpèt politik 1986 la lè anpil moun panse Ayiti ta pral kase koub wout chanjman an, men malerezman l ap woule desann nan falèz soudevlopman an. Jounen jodiya, pati politik fè kenken; yo pouse kou dyondyon apre yon move tan. Se yon fòm ONG ki dèyè lajan ak sipò blan epi ki wè pòch yo senpman ak objektif prensipal yo ki la pou pran pouvwa a ak yon filozofi matyavèl «jan m monte m monte» pou al piye kès leta a, epi pale anpil de yon kriz politik y ap pale de li depi lè konkonm t ap goumen ak berejèn.

Poukisa tout pati politik sa yo Ayiti ? ––
Si yo te reyèlman sousye de devlopman Ayiti, yo t ap antann yo pou yo konvèje an 3 pati politik dyanm epi yo t ap eseye òganize eleksyon primè tankou sa fèt nan kèk gran peyi sivilize (pou fè eliminatwa) jiskaske 2 pati ta ale nan eleksyon final. Politisyen ayisyen pa avèg pou yo gade sa k ap fèt la a Sendomeng, yon peyi vwazen ki deside mache nan wout devlopman kote pa tèlman lontan ane sa a, yo sot inogire premye liy metwo nan Karayib la pandan ke Ayiti poko menm gen yon liy otobis nan Pòtoprens. Konbyen pati politik ki gen Sendomeng? Nou kwè pèp ayisyen, jodiya, bouke ak blòf, diskou long an fransè, bèl pwomès ak pawòl tafya politisyen de grenn gòch ap fè pou kontinye lolo yo.

Pèp la ap mouri grangou. Nou sot wè sa lotrejou kote magouyè pakapala tou pwofite antre nan bann rara a pou kraze brize – toujou menm penpenp yo: yon dechoukay san fen pou kontinye kraze Ayiti. Pèp la rele aba «lavichè»! Pèp la rele aba blofè k ap pran woulib sou do pèp! Men kisa ki fè lavichè a? Premyèman, pwoblèm n ap wè jodiya, se rezilta sa gouvènman pa t fè depi kèk tan nan istwa Ayiti; se yon kansè politik ki dejenere.


Ayiti toujou rete mazora apre ale vini gouvènman ––

Gouvènman monte gouvènman desann men Ayiti Cheri toujou rete mazora. Tout avan e aprè Dezyèm Gè Mondyal, bagay yo pa t janm pi bon pase sa Ayiti. Si yo te pi bon, poukisa Ayisyen t ap pran bato pati al Kiba, al koupe kann Kiba, al fè tout vye travay Kiba? Poukisa Baptista lage chen dèyè yo Kiba nan fen ane 50 yo, yo sezi byen yo epi yo anbake yo de men vid voye Ayiti? Poukisa yo te toujou ap pase anba fil pou al koupe kann Sendomeng, fè tout vye travay Dominiken p ap fè? Poukisa Troujillot te jwenn jwen pou l fè jenosid 1937 la? Donk lè nou mete tout kesyon sa yo ansanm, nou konkli ke bagay yo te toujou pa t mache byen pou majorite Ayisyen epi politisyen Ayisyen (anpil nan yo) te toujou pa t gen nen nan figi yo lè, depi lontan, yo t ap maltrete Ayisyen tankou chen nan lòt kote nan Karayib la; yo t ap depòte yo. Eske menm istwa sa yo pa repete jounen jodiya? Kisa gouvènman ki sou pouvwa di de Ayisyen y ap trete kou chen nan tout raken Karayib la jodiya? Eske yo janm pale de sa? Eske yo gen plan pou ta fè yo retounen Ayiti, pou ede yo, kreye travay, aktivite pou yo? Gen yon rezon ki fè yo kite Ayiti (anpil ladan yo) ilegalman.

Kijan ou vle pou Ayiti pa ta gen lavichè lè oken politisyen pa ka kole tèt ak lòt pou di: pwoblèm Ayiti ap konfwonte yo se pwoblèm nasyonal yo ye, ebyen solisyon yo dwe nasyonal. Yo nasyonal paske se pwòp lidè ayisyen ki kreye yo, se pwòp ayisyen ki kreye yo; donk nan tout domèn (san distenksyon), si Ayisyen kapab rive chita ansanm pou medite sou pwoblèm sa yo, si yo kapab rive fè yon egzamennkonsyans, ebyen nou rete kwè ke yo kapab fè kichòy pou kòmanse solisyone pwoblèm Ayiti. Donk ann panse a konbit nan tout domèn pou devlopman Ayiti. Ann panse a ofri kèk nan tan nou volontèman pou ede Ayiti. Ann panse a sa nou kapab fè de positif pou jenerasyon k ap leve jodiya pou l pa tounen zenglendo, kidnapè, politisyen raketè demen. Ann panse a bon dòz edikasyon li bezwen pou l ede sosyete a demen epi pou l fyè de tèt li.


Ayisyen pèdi fyète yo ––

Majorite ti Ayisyen (kit yo Ayiti, kit yo nan dyaspora a) pa fyè de tèt yo jodiya e nou pa kapab di yo pa gen rezon. Wi, yo gen rezon lè yo wè jenerasyon ki devan yo pa regle anyen serye, pa kite oken modèl pozitif pou yo suiv. Yon kokenn zotobre matiniken ale nan peyi san chapo jodiya, an palan de Aimé Césaire. Yon kokenn powèt, yon kokenn òm politik ki lite pandan plis pase 50 ane pou devlopman Matinik. Men sa se yon modèl pozitif pou tout Matiniken, e nou ka di pou menm nou menm Ayisyen pase Césaire, li menm etan youn nan gran ekriven, dènye potomitan Mouvman Negritid la, e politisyen nwa ki soti nan Karayib la tou pa t rate pale de istwa d Ayiti; donk nou ka di Ayiti te sèvi l yon sous enspirasyon. Men jounen jodiya, kilès politisyen Ayiti nou ka konpare ak Césaire, an tèm lanmou patriyotik? Donk nou bezwen modèl pozitif pou Ayiti nan tout domèn.


Kout rèl resan pèp ayisyen an ––

Kout rèl resan pèp ayisyen an gen pou wè ak grangou, lavichè, ensekirite tou. Men kisa Ayiti pwodui? Anpil nan nou, depi piti, ap fè jakorepèt nan kèk liv ki di: Ayiti se yon peyi agrikòl. Gwo mo! Epi tout kote nou pase Ayiti, nou wè dlo ap gaspiye koule al nan lanmè; ti malere peyizan menm ap priye Bondye pou lapli tonbe pou yo ka plante. Kote mesye agonòm, ki pèdi tan etidye nan inivèsite Ayiti, lòtbò yo? Kisa k nan tèt yo, kaka kalbas? Kisa yo pwopoze pou ede ak agrikilti sou fèy papye? Kote mesye enjenyè ki pèdi tan etidye nan inivèsite Ayiti, lòtbò yo? Eske yo ka trase wout? Pon? kanal? Kisa yo pwopoze menm sou fèy papye? Kote mesye politisyen ki sou pouvwa yo, ki dèyè pouvwa, ki anpàn pouvwa? Eske yo pa konnen gen dlo k ap gaspiye prèske tout kote Ayiti? Ki sistèm yo ka adopte pou kapte dlo sa yo pou ede peyizan wouze tè san ke yo pa bezwen depanse milyonven? Kisa yon senatè, yon depite eseye fè pou ede zòn kote l soti a? Eske l konn pwoblèm zòn kote l soti a? Eske l konn pwoblèm moun zòn sa a? Ki pwojè l pou devlopman zòn sa a si l gen youn? Ki pwojè kominotè li ankouraje nan zòn sa a apa vin ranse lachanm, byen kostime ak chemiz blan /bouton pwayè, bèl vès byen chè anba yon tanperati ki cho kou dife. Sèjousi, yo vin lachanm ak revòlvè pou koresponnn ak kòlèg yo pa ka antann avè yo. Wi, yo fè sa paske Ayiti tounen yon peyi kòbòy : tout moun gen zam pase pa gen leta k ap kontwole zam; leta an vakans manch long.

Sou pwodiksyon ––

Lè n tounen sou koze pwodiksyon an, nou rete kwè ke Ayiti p ap janm fè yon pa kita yon pa nago san ke tout politisyen pa ka mete tèt ansanm pou konsantre sou enpòtans lansman pwodiksyon agrikòl epi yon kontwòl pwodui etranje k ap antre jan yo vle nan peyi a, san oken vrè kontwòl leta pou y al toufe epi dekouraje pwodui lokal yo. Anpil nan nou bouke tande koze tankou: peyi etranje refize Ayiti devlope ; peyi etranje ap toujou kanpe an kwa pou Ayiti pa devlope. Tout sa se bobin! Tout sa se Pawòl tafya! Si gen kontra matyavèl anbachal ki fèt, se toujou frè Ayisyen ki siyen yo donk sous pwoblèm nan toujou sot nan Ayisyen. Se Ayisyen menm (po nwa, po klè, po wouj, ti zòrèy) ki kanpe an kwa nan wout devlopman Ayiti a. Lè Ayisyen refize pale de reyalite Ayiti oubyen pran desizyon pou l fè yon bagay pozitif, li toujou chèche pretèks pou l blame blan (etranje) tout tan pou sò Ayiti. Depi 1804, nou poko janm wè yon blan je vèt cheve siwo chita pou chèz boure a; donk se Ayisyen k ap gouvène; se Ayisyen ki kaptenn bato a (menm si yo te deside pran lòd anba anba nan men konpè blan magouyè pou kenbe pouvwa, vann peyi Desalin nan – sa toujou rete yon chwa endividyèl). Si tout moun nan yon zòn Ayiti ta deside fè yon bagay pozitif pou zòn sa a, mwen pa kwè gen van tanpèt ki ta ka kraze solidarite pou atenn objektif yo. Ebyen si tout politisyen Ayiti (sa k sou pouvwa, sa k anpàn pouvwa, sa k swaf pouvwa) ta rive dakò pou pouse kabwèt devlopman Ayiti a, nou pa kwè oken peyi etranje sou latè ta ka rete yo, kèlkeswa animozite ki ta nan kè peyi sa yo pou Ayiti.


Kisa Ayiti ka pwodui? ––

Se yon kesyon kèk moun ka poze. Men echantiyon sa l pwodui: bannann, diri, fri, kafe, kakawo, kann, legim, mango, mayi, patat, pitimi, pwa, yanm … ajoute sou sa. Sa vle di: si reyèlman te gen gouvènman ki pa t ap ranse lè yo monte sou pouvwa, yo ta pral pran pwodiksyon sa yo an konsiderasyon pou fè sa yo kapab pou ogmante volim yo ak koutmen yo ta bay peyizan pou fè sa (e.g., etablisman bank agrikòl, sibvansyon pwodui kouwè angrè, pwojè irigasyon, bonjan zouti pou travay latè, elt.).

Nou pa ka pale de agrikilti epi pou n ta kite elvay dèyè. Nou bezwen vyann pou n manje, nou bezwen lèt pou n bwè … Ki pwoblèm peyizan yo ap konfwonte nan koze elvay la? Toudabò, se yon koze ki dan griyen, poko gen elvay vrèman Ayiti k ap pwodui volay, pwason, bèf, kabrit, kochon kreyòl … pou mache lokal la. Bèt yo mal nouri, yo bezwen swen veterinè tou. Kisa mesye politisyen yo di nan sa? Kisa gwoup moun ki vle wè chanjman Ayiti di nan sa? Kote gwoup moun k ap di yo pwogresis yo? Eske nou bezwen yon modèl tout bon pou n gade (pa ekz. ibrid bèf, kabrit … pou kwaze yo pou bay pi bon rannman)? Ane sa a mwen t ap gade yon pwogram sou yon kalite bèf nan peyi Laolann kèk peyi Afriken adopte kwaze yo pase yo bay anpil lèt; se yon pwogram pou Ayiti ta panse a li. Gen yon seri gwo kabrit /chèv afriken ki bay anpil lèt e lèt kabrit se yon vitamin totalkapital ki te ka konbat malnitrisyon Ayiti. Pouki Ayiti, gwoup moun Ayiti pa panse a enpòtasyon gwoup kabrit sa yo?


A SUIV…

Li atik anba yo pou rafrechi memwa w sou devlopman Ayiti:

1. Agrikilti ta dwe premye sib nan devlopman Ayiti (E.W.Vedrine) http://www.potomitan.info/vedrine/agrik.pdf 2. Agriculture the first Target for Haiti's Development (E.W.Vedrine) http://www.potomitan.info/vedrine/agriculture.pdf 3. Ayiti, yon peyi ravaje nou dwe sispann detwi (E.W.Vedrine) http://www.potomitan.info/vedrine/ravaje.pdf 4. Dyalòg sou rebwazman an(n) Ayiti (E.W.Vedrine) http://www.potomitan.info/vedrine/dyalog.php 5. Dialog on reforestation in Haiti (E.W.Vedrine) http://www.potomitan.info/vedrine/dyalog.php#a 6. Estrateji pou rebwaze Ayiti (E.W.Vedrine) http://www.potomitan.info/vedrine/rebwaze.php 7. Le reboisement d’Haïti, un défi politique et environnemental (E.W.Vedrine) http://www.potomitan.info/vedrine/reboiser.php 8. Kisa k dwe fèt reyèlman pou rebwaze Ayiti? (E.W.Vedrine) http://www.potomitan.info/vedrine/reforest.php#k 9. What’s really needed to be done to reforest Haiti? (E.W.Vedrine) http://www.potomitan.info/vedrine/reforest.php 10. 16 Pwen pou ede Ayiti bouje (E.W.Vedrine) http://www.potomitan.info/vedrine/pwen.html 11. 16 points to help Haiti moving forward (E.W.Vedrine)

http://www.potomitan.info/vedrine/pwen.html#a

NOUVO LIV Sou nouvo liv otè a ki pral pran lari pou ane 2008:

  • A healing paradigm for a new Haiti (essay | esè)
  • A look at the problem of schools in Haiti (essay | esè)
  • Ideas to found a private Haitian High School in Boston (debate | deba)
  • Season of drought in Haiti (novel | roman)