Refòm

Depi Wikisòrs
Aller à la navigation Aller à la recherche

REFÒM SISTEM EDIKASYON AYISYEN

REFÒM SISTEM EDIKASYON AYISYEN AN CHITA SOU VERITE SA YO


  1. Pèp ayisyen an egal ego ak tout lòt pèp. Li fòje yon lang, li tabli yon kilti menm jan ak tout moun.


  1. Soti depi li fèt rive jounen jodi a, lang kreyòl ayisyen an kite koridò lang patwa, li pran boulva lang total ki gen fason pa-1 pou kouche-1 sou papye.


  1. Nan pwen lang lan rive koulyeya, tout konesans lasyans ak lateknik ka koule dous pase ladan li.


  1. Men yon verite moun toupatou rekonèt : Pou fè aprantisaj lekti ak ekriti se nan lang manman timoun nan sa dwe fèt an premye.


  1. Pa fouti gen devlopman si pa gen edikasyon.

Pa fouti gen devlopman si pa gen inyon tèt ansanm.

  1. Gen 2 lang ki sèvi nan peyi a. Men se yon sèl pèp ayisyen an ki genyen. Kidonk, fòk gen yon sèl sistèm ansèyman ki pou sèvi ak tout 2 lang nou yo.


  1. Pa gen son ki bèl, ni son ki lèd nan yon lang. Son (i) pa ni pi bèl ni pi lèd pase son (u).

Sèl sa ki genyen se kèk abltid ki kaye nan nou epi kèk vye lide ki tabli nan tèt nou.

  1. Pale franse pa di moun save pou sa. Ni pale kreyòl pa di se betiz ase ou ka di.

     Se pou chak ayisyen pran tèt li byen pou li egzaminen pawôl sa yo san paspouki. Konsa konsa, l'a konprann kesyon Refòm nan se yon pakèt afè nan istwa peyia. Ak Refòm nan, bajou kase pou yon epòk tou nouvo pou pèp ayisyen an.